
Hosted by Fabrice Mésidor, Ricardo Molière · EN

Nan epizòd sa a, nou plonje nan analiz yon tèks ki sèvi ak langaj foutbòl pou poze yon gwo kesyon sou limanite. Nou dekouvri kijan otè a transfòme foutbòl an yon refleksyon pwofon sou lagè, lapè, ak kapasite limanite genyen pou l viv ansanm. Al tande epizòd 71 la! Li disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.

"Ayiti cheri! Pi bèl peyi pase ou nan pwen." Sa a son pawòl m ret kwè preske tout ayisyen ki kite Ayiti pwononse deja. Se lè w pa fizikman nan peyi sa ankò pou w dekouvri valè l. Nan kad epizòd 70 la, nou te mete limyè sou on bèl ekstrè de yon chante ke Othello Bayard ekri e chante - Kali ak Emeline Michel entèprete l. Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.

Gon pwovèb ki di "Prévenir vaut mieux que guérir". Ebyen nan yon reklam Jean-Claude Martineau te fè pou on konpayi, li te mete an valè pwovèd sila. Men nou menm nan Memo Pòdkas, nou t ap dekòtike 2 ti fraz nan reklam sa pou fè on paralèl ant Reyaksyon ak Prevansyon. Al tande epizòd 69 la ki disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.

Anpil nan prezidan ki pase nan tèt peyi Dayiti kite ti eritaj vèbal pou nou. Ansyen prezidan Preval, defen, te di: "Naje pou w sòti". Ou menm Memordu(e), ès ke w konn naje? Nan kad epizòd 68, nou t ap gade ki diferan fason ou ka konprann pawòl selèb sa a. Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresye jan nou fè konsiderasyon yo. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.

Nwa ak blan dezinye koulè, men yo ka dezinye ras, mantalite ou kilti tou. Léon Laleau, ki son ekriven ayisyen, ekri on liv ki rele Noir ou Blanc kote l t ap poze on pwoblèm idantite. Nan epizòd 67 la, Mé ak Mo te pran plezi pase a travè on ti ekstrè. Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresye jan nou depoze nan 67 la. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.

Pou nou pa bliye ke Memo Pòdkas se tout kategori tèks yo analize, Me ak Mo al pran tèks nan yon videyo komik ke Cantave K fè pou Epizòd 66 la. "L'insécurité est plus en sécurité que le peuple." ak "Pendant que l'insécurité ne cesse de faire monter la température du pays, le peuple brûle sous la chaleur de l'insécurité." se 2 fraz nou pran nan yon videyo Cantave pou analize. Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresye jan nou depoze nan 66 la. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.

Konbyen fwa w ka itilize son "otèl" nan on estwòf pandan wap montre nivo spirityèl ou? Frè Gabe nan ekstrè nou pran pou nou analize nan epizòd 65 lan leve defi a. Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresyen jan Me ak Mo pral dekòtike ti bout tèks sa. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.

Es ke w konn grandè lanmou Bondye? Ki longè l, lajè? Ki dimansyon l? Kijan w ka dekri l? Ki kantite plim ou t ap bezwen pou dekri l? Ki dimansyon papye pou w ta genyen? Konbyen moun ou t ap mande ede w dekri l? W ap jwenn repons a tout kesyon sa yo nan ekstrè tèks yon chante ki twouve l nan Chan Desperans Kreyòl #28. Me ak Mo t ap pataje lide sou sa. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

Bondye fidèl e li p ap janm pa fidèl. Fidelite l ap dire pou tout tan. Nan epizòd 63, nou te kontan pou n te elabore sou on ekstrè tèks ki te plonje n nan yon bèl anbyans. Tit tèks la se "Bondye ou fidèl", yon mizik ki twouve l sou yon albòm ki rele Gras e atis la se Peter Michel Joseph. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.

Me ak Mo lage nan tatou nèt. Pou epizòd 62 a, yo vini ak "Tattoo" - yon tèks ke Teddy Hashtag pote pou nou ki sou dènye albòm li an. Ann al dekouvri ansanm nan epizòd sila kijan mesye yo konprann koze fè tatou Teddy a. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.